Jeremiah 18:23
Men ou menm, Seyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè la devan je ou. Lè ou an kòlè, regle yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 35:4Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
Psalms 56:8(056:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
Psalms 69:22(069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
Isaiah 2:9Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!
Jeremiah 8:12Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.
Jeremiah 11:23Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.