Jeremiah 18:8
Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe.
Cross References
Exodus 32:14Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
Judges 2:18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.
1 Kings 8:33Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, Bondye, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit nan Tanp sa a,
Psalms 90:13Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
Psalms 135:14Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.
Jeremiah 7:3Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la.