Jeremiah 19:1
Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:16Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.
1 Chronicles 24:4Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.
Jeremiah 13:1Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l' nan ren ou. Men, piga ou tranpe l' nan dlo.
Jeremiah 19:10Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo.
Jeremiah 32:14-Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan.
Ezekiel 5:1Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs.