Jeremiah 19:15
-Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Nehemiah 9:29Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.
Jeremiah 7:26Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.
Jeremiah 13:11Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.
Jeremiah 25:4Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.