Jeremiah 19:3
Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 3:11Seyè a di l' konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi.
2 Kings 21:12Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga.
Psalms 102:15(0102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
Isaiah 28:19Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n' sipòte l' lajounen kou lannwit. Chak mesaj Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.
Jeremiah 13:18Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.
Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.