Jeremiah 19:7
Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
2 Kings 21:14M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo.
Psalms 33:10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
Proverbs 21:30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
Isaiah 28:17Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seriozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l' nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.