Jeremiah 19:9
Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo.
Cross References
Leviticus 26:29N'a sitèlman grangou n'a touye pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.
2 Kings 6:26Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: —Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!
Isaiah 9:20Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!
Lamentations 2:20Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.
Ezekiel 5:10Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.