The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 2 › Jeremiah 2:26

Jeremiah 2:26

Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!

Bib La

In The King James Version

As the thief is ashamed when he is found, so is the house of Israel ashamed; they, their kings, their princes, and their priests, and their prophets,

In Context

25Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.

27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!

Read all of Jeremiah 2

Cross References

Ezra 9:7Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.

Psalms 97:7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.

Isaiah 1:29N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.

Isaiah 44:11Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!

Jeremiah 3:24Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.

Jeremiah 22:22Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 2:26

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 2:25Jeremiah 2Jeremiah 2:27 →