Jeremiah 2:5
Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a!
Cross References
Deuteronomy 32:21Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.
2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.
Isaiah 5:3Lè sa a, zanmi mwen an di: -Nou menm moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo, nou pral di m' kilès nan nou de a, jaden rezen an ak mwen menm, ki antò.
Isaiah 43:22Seyè a di: -Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m'.
Jeremiah 2:31(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.