Jeremiah 2:7
Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:25Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò.
Numbers 14:7Epi yo di pèp la: -Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi.
Deuteronomy 6:10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,
Deuteronomy 8:7Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,
Deuteronomy 11:10Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an pa yon peyi ki tankou peyi Lejip kote nou soti a, yon peyi kote se nou menm ki te blije simen grenn nan jaden nou, lèfini pou nou te travay di pou nou wouze yo tankou yo wouze jaden legim.
Deuteronomy 32:9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.