Jeremiah 20:12
Seyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m' wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
Cross References
2 Chronicles 24:22Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa!
Psalms 11:5Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
Psalms 26:2Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',
Psalms 59:10(059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
Psalms 86:4Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!
Psalms 139:23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!