Jeremiah 20:3
Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l' nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Seyè a.
Cross References
Genesis 17:15Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara.
Psalms 31:13(031:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.
Jeremiah 6:25Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.
Jeremiah 19:2W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a.
Jeremiah 20:10Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou.
Jeremiah 46:5Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.