Jeremiah 20:4
Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:32N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.
1 Samuel 2:33M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m' prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avè l'. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon.
Job 18:11Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.
Psalms 73:19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
Jeremiah 19:15-Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.
Jeremiah 21:6Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri.