The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 20 › Jeremiah 20:5

Jeremiah 20:5

M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.

Bib La

In The King James Version

Moreover I will deliver all the strength of this city, and all the labours thereof, and all the precious things thereof, and all the treasures of the kings of Judah will I give into the hand of their enemies, which shall spoil them, and take them, and carry them to Babylon.

In Context

4Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.

6Ou menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesaj manti ou t'ap bay yo.

Read all of Jeremiah 20

Cross References

2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.

2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.

2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.

Jeremiah 3:24Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.

Jeremiah 12:12Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze.

Jeremiah 17:3Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 20:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 20:4Jeremiah 20Jeremiah 20:6 →