Jeremiah 20:7
Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:11Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?
Job 30:9Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.
Psalms 35:15Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
Psalms 69:12(069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
Jeremiah 1:6Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.
Jeremiah 15:10Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.