Jeremiah 20:9
Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:3Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.
Job 32:19Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a.
Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
Ezekiel 3:14Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.
John 1:2Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman.
Acts 4:20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.