Jeremiah 22:23
Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:21Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.
Jeremiah 4:30Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.
Jeremiah 6:24Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
Jeremiah 22:6Men sa Seyè a di sou kay wa peyi Jida a: -Pou mwen, palè a bèl tankou peyi Galarad, tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men, mwen p'ap pè fè l' tounen yon dezè, yon lavil kote moun pa rete.
Jeremiah 48:28Nou menm moun Moab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Fè tankou ranmye ki fè nich yo nan twou bò falèz.
Jeremiah 50:4Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a.