Jeremiah 22:5
Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Deuteronomy 32:40Men m'ap leve men m' anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m' vivan pou tout tan an,
2 Chronicles 7:21Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
Psalms 95:11Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Jeremiah 7:13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.
Jeremiah 17:27Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.