Jeremiah 22:6
Men sa Seyè a di sou kay wa peyi Jida a: -Pou mwen, palè a bèl tankou peyi Galarad, tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men, mwen p'ap pè fè l' tounen yon dezè, yon lavil kote moun pa rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Cross References
Genesis 37:25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
Psalms 107:34Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Isaiah 27:10Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje.
Jeremiah 4:7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Jeremiah 7:34Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l', ou p'ap tande yon moun ap ri. p'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.