Jeremiah 23:10
Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouraj yo pou fè sa ki pa dwat.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 10:18Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.
Isaiah 24:6Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.
Jeremiah 5:8Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo.
Jeremiah 7:9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.
Jeremiah 9:10Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale.
Jeremiah 12:4Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.