Jeremiah 23:11
Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 33:5Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.
2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremiah 7:10Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè?
Jeremiah 8:10Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Jeremiah 23:15Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.