Jeremiah 23:18
Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Seyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pa t' wè, yo yonn pa t' tande sa Seyè a te di. Yo yonn pa t' louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.
Cross References
2 Chronicles 18:23Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?
Job 21:22Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?
Isaiah 40:13Ki moun ki ka di Seyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy?
Amos 3:7Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.
1 Corinthians 2:16Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.