Jeremiah 23:19
Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 1:27Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou,
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Isaiah 40:24Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
Jeremiah 4:11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.
Jeremiah 25:32Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè.
Jeremiah 30:24Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.