Jeremiah 23:22
Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Seyè a di: Mwen se yon Bondye ki toupatou. Mwen pa rete yon sèl kote ase.
Cross References
Jeremiah 23:18Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Seyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pa t' wè, yo yonn pa t' tande sa Seyè a te di. Yo yonn pa t' louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di.
Jeremiah 35:15Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'.
Ezekiel 2:7Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
Ezekiel 13:22Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.
Zechariah 1:4Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesaj mwen. Yo te di yo: Men sa Seyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pa t' koute m', yo fè tankou se pa avè yo m' t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.
Acts 26:18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.