The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 23 › Jeremiah 23:25

Jeremiah 23:25

Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.

Bib La

In The King James Version

I have heard what the prophets said, that prophesy lies in my name, saying, I have dreamed, I have dreamed.

In Context

24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.

26Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesaj ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo?

Read all of Jeremiah 23

Cross References

Genesis 37:9Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.

Psalms 139:2Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.

Jeremiah 8:6M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.

Jeremiah 14:14Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.

Jeremiah 23:28Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa.

Jeremiah 29:8Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 23:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 23:24Jeremiah 23Jeremiah 23:26 →