Jeremiah 23:3
M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Isaiah 43:5Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.
Jeremiah 29:14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 31:8Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.
Jeremiah 50:19Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l'. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad.