Jeremiah 23:30
Se poutèt sa mwen pral regle ak pwofèt yo k'ap pran pawòl yonn nan bouch lòt, pou fè l' pase pou mesaj mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesaj y'ap bay nan non mwen.
Cross References
Leviticus 20:3Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.
Deuteronomy 18:20Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.
Psalms 34:16(034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
Jeremiah 44:11Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a.
Ezekiel 13:8Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.
Ezekiel 15:7M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.