Jeremiah 23:4
M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:9M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.
Psalms 78:70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,
Jeremiah 3:14Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.
Jeremiah 30:10Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
Jeremiah 33:26Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.
Ezekiel 34:23M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.