Jeremiah 24:1
Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 26:2chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an.
2 Kings 24:12Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
Jeremiah 13:19Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.
Jeremiah 22:28Moun yo rele Jekonya a, èske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pesonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pa t' janm konnen?
Jeremiah 29:2Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo.
Ezekiel 19:9Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo fèmen l' nan yon kaj. Yo mennen l' bay wa Babilòn lan. Yo mete sòlda veye l' pou moun pa janm tande vwa l' ankò nan mòn peyi Izrayèl yo.