Jeremiah 24:10
Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:21Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.
Isaiah 51:19De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.
Jeremiah 9:15Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè.
Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Jeremiah 19:7Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.