Jeremiah 24:3
Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
1 Samuel 9:9Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo.
Jeremiah 1:12Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m' di a rive vre.
Amos 7:8Lè sa a, Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: -Yon filaplon. Lè sa a, li di m': -M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m' fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò.
Zechariah 4:2Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.
Zechariah 5:5Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.