Jeremiah 24:6
M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 11:12Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.
Nehemiah 5:19Bondye mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!
Psalms 34:15(034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
Isaiah 60:21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Jeremiah 12:15Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo.
Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.