Jeremiah 24:7
M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Deuteronomy 30:2si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,
1 Samuel 7:3Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.
2 Chronicles 6:38si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou,
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Jeremiah 29:12Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.