The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 25 › Jeremiah 25:10

Jeremiah 25:10

M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.

Bib La

In The King James Version

Moreover I will take from them the voice of mirth, and the voice of gladness, the voice of the bridegroom, and the voice of the bride, the sound of the millstones, and the light of the candle.

In Context

9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

11Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.

Read all of Jeremiah 25

Cross References

Esther 3:13Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.

Esther 8:11Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.

Isaiah 24:7Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.

Jeremiah 16:9Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye.

Ezekiel 26:13M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò.

Revelation 18:22Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 25:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 25:9Jeremiah 25Jeremiah 25:11 →