The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 25 › Jeremiah 25:11

Jeremiah 25:11

Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.

Bib La

In The King James Version

And this whole land shall be a desolation, and an astonishment; and these nations shall serve the king of Babylon seventy years.

In Context

10M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.

12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.

Read all of Jeremiah 25

Cross References

2 Chronicles 36:21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.

Isaiah 23:17Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.

Jeremiah 4:27Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.

Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.

Jeremiah 27:7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.

Ezekiel 6:14Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 25:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 25:10Jeremiah 25Jeremiah 25:12 →