The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 25 › Jeremiah 25:12

Jeremiah 25:12

Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.

Bib La

In The King James Version

And it shall come to pass, when seventy years are accomplished, that I will punish the king of Babylon, and that nation, saith the LORD, for their iniquity, and the land of the Chaldeans, and will make it perpetual desolations.

In Context

11Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.

13M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.

Read all of Jeremiah 25

Cross References

Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.

Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:

Isaiah 13:19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.

Isaiah 15:6Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri.

Isaiah 46:1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.

Jeremiah 25:14Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 25:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 25:11Jeremiah 25Jeremiah 25:13 →