Jeremiah 25:15
Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.
Cross References
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Psalms 75:9(075:10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
Isaiah 34:2Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.
Isaiah 51:22Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.
Jeremiah 36:2-Pran yon woulo papye. W'a kouche sou li tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida a ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou rèy wa Jozyas rive jouk jòdi a.
Jeremiah 46:1Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo: