Jeremiah 25:3
-Depi trèzyèm lanne rèy wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Seyè a ap pale avè m', venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Men mesaj pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo:
Cross References
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
1 Kings 22:3Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?
2 Chronicles 24:19Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
2 Chronicles 34:8Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.
Isaiah 55:2Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.
Jeremiah 7:13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.