Jeremiah 25:33
Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 79:3Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo!
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Isaiah 66:16Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.
Jeremiah 16:4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Ezekiel 21:11Wi, y'ap netwaye nepe a. Y'ap pare l' pou moun ka sèvi avè l'. Y'ap file l', y'ap netwaye l' pou yo mete l' nan men bouwo a.