The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 25 › Jeremiah 25:34

Jeremiah 25:34

Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.

Bib La

In The King James Version

Howl, ye shepherds, and cry; and wallow yourselves in the ashes, ye principal of the flock: for the days of your slaughter and of your dispersions are accomplished; and ye shall fall like a pleasant vessel.

In Context

33Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.

35P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.

Read all of Jeremiah 25

Cross References

2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.

Isaiah 2:16L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.

Isaiah 30:14N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.

Isaiah 34:6Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.

Jeremiah 4:8Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!

Jeremiah 6:26Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 25:34

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 25:33Jeremiah 25Jeremiah 25:35 →