Jeremiah 25:35
P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.
Bib La
In The King James Version
And the shepherds shall have no way to flee, nor the principal of the flock to escape.
In Context
36Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Seyè a pral ravaje peyi yo.
Cross References
Isaiah 2:12Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Jeremiah 32:4Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l' nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je.
Jeremiah 37:17Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.
Jeremiah 38:23Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.
Jeremiah 52:8Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.