Jeremiah 25:4
Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:15Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.
Jeremiah 11:7Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo!
Jeremiah 16:12Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'.
Jeremiah 18:12Y'ap reponn ou: Se tan ou w'ap pèdi! N'ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N'ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou.
Jeremiah 22:21Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.
Jeremiah 25:7Men, se Seyè a menm ki di sa, nou derefize koute l'. Nou fè l' fache ak zidòl nou fè ak men nou. Se konsa nou rale malè sou tèt nou.