Jeremiah 25:5
Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Seyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:13Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.
Psalms 105:10Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
Jeremiah 7:7Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.
Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.
Ezekiel 18:30Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
Jonah 3:8Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.