Jeremiah 25:7
Men, se Seyè a menm ki di sa, nou derefize koute l'. Nou fè l' fache ak zidòl nou fè ak men nou. Se konsa nou rale malè sou tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Paske nou pa koute m' lè m' pale nou,
Cross References
2 Kings 17:17Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.
2 Chronicles 24:19Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
Proverbs 8:36Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.
Jeremiah 19:15-Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.
Jeremiah 29:19Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute.
Jeremiah 44:7Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape?