Jeremiah 26:18
-Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:
Cross References
2 Kings 19:25Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
Psalms 79:1Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.
Jeremiah 9:11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.
Jeremiah 51:37Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.
Micah 3:12Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.