The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 26 › Jeremiah 26:19

Jeremiah 26:19

Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.

Bib La

In The King James Version

Did Hezekiah king of Judah and all Judah put him at all to death? did he not fear the LORD, and besought the LORD, and the LORD repented him of the evil which he had pronounced against them? Thus might we procure great evil against our souls.

In Context

18-Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.

20Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.

Read all of Jeremiah 26

Cross References

Exodus 32:14Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.

Numbers 35:33Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.

2 Chronicles 29:6Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!

2 Chronicles 32:25Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.

2 Chronicles 34:21-Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.

Isaiah 37:1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi li al nan tanp Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 26:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 26:18Jeremiah 26Jeremiah 26:20 →