Jeremiah 26:2
Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò.
Cross References
Deuteronomy 12:32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
2 Chronicles 24:20Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!
Jeremiah 1:7Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.
Jeremiah 7:2-Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou.
Jeremiah 23:28Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 28:5Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.