Jeremiah 26:20
Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 15:60Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
1 Samuel 6:21Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.
1 Kings 18:10Mwen pran Seyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pa t' jwenn ou.