Jeremiah 26:3
Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou.
Cross References
1 Kings 21:27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Jeremiah 18:8Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la.
Jeremiah 36:3Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.
Ezekiel 12:3Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.
Ezekiel 18:27Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'.