Jeremiah 26:6
Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 4:10Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil (030000) sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.
2 Kings 22:19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
Isaiah 43:28Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.
Jeremiah 7:12Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.
Jeremiah 25:18Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a.
Jeremiah 29:22Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Seyè a fè ou sa l' te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan.